Byenveni

Ankèt Vil Nouyòk sou Kay ak Kay Vid pou Lwe a (NYCHVS) se yon sondaj yo fè sou tout vil la, chak twa lane pou ka genyen yon lide sou kantite kay/apatman ak popilasyon kap viv nan Vil Nouyòk. NYCHVS ranmase enfòmasyon sou katye yo, nan tout senk awondisman yo, plis li vle pou li reprezante tout Nouyokè—kelkeswa moun yo ye a oswa kote yo rete a. Tout sa pou yo sèten NYCHVS reprezante divèsite vil Nouyòk, moun kap viv la yo ak kay yo.

NYC taksi pral pase yon antre tren devan yon lakou rekreyasyon

Apwopo

Nou konnen nou pap ka konprann kòman Nouyòkè yo ap viv si nou sèlman poze kesyon sou kay ak apatman kote yo rete yo. Kote nou viv, vwazinaj nou, katye nou, awondisman nou, ak kòman vil nou an fòme ekperyans nou.

Chak katye nan senk awondisman yo gen moun tankou ou ke yo chwazi daprè metòd teknik syantifik pou patisipe nan Ankèt Vil Nouyòk Sou Kay ak Kay Vid (NYCHVS.) Genyen lòt moun nan katye ou a yo chwazi tou. Ansanm, nou ap ede nou konprann sak fè blòk ou an, katye ou a, ak awondisman pa ou a diferan.

NYCHVS chwazi 15,000 adrès espesifik nan tout Vil Nouyòk la pou reprezante plis pase 8 milyon abitan ki rele Vil Nouyòk lakay yo.

Enfòmasyon NYCHVS ranmase yo montre divèsite Vil Nouyòk.

NYCHVS ranmase menm enfòmasyon sou tout Nouyokè yo, se sak fè chak moun yo chwazi yo gen menm fòs vwa ak menm opòtinite pou yo tande yo.

60 lane NYCHVS

Ankèt Vil Nouyòk sou Kay ak Kay Vid (NYCHVS) te premye fèt nan lane 1965, lè lalwa minisipal te egzije pou genyen yon sondaj pou ka byen konprann kondisyon kay yo nan vil la.

Nan dènye 60 lane, NYCHVS sèvi kòm premye sous enfòmasyon sou fason Nouyòkè yo ap viv ak kòman sitiyasyon kay yo ap chanje avèk tan an. Ajans vil yo ak ajans eta yo, chèchè yo, responsab politik yo, ak òganizasyon kominotè yo itilize rezilta sondaj yo pou swiv kondisyon kay yo, konprann bezwen diferan kominote yo, pou pran desisyon kap afekte moun kap viv nan tout senk awondisman yo.

Vitrin yon bodega a ak ban li di "loto", yon "ATM" siy, ak yon chat nan pòt la

Ekip Nou an

(Depatman Prezèvasyon Kay ak Devlopman Vil Nouyòk) The NYC Department of Housing Preservation and Development (HPD)

Se Depatman Prezèvasyon Kay ak Devlopman Vil Nouyòk la (HPD) ki patwone Ankèt Vil Nouyòk sou Kay ak Kay Vid (NYCHVS), se menm ajans sa a ki responsab pou asire chak Nouyòkè viv nan yon kay ki gen sekirite epi pou devlope ak prezève pou kay yo rete abòdad. HPD se pi gwo ajans minisipal pou prezèvasyon kay ak devlopman nan peyi a.

Pou pale ak Ekip Responsab sondaj la, tanpri rele 311.

Sant Sondaj Rechèch nan Inivèsite Michigan/ Survey Research Center at the University of Michigan (SRC)

Apati lane 2026, Vil Nouyòk la fè patenarya ak Sant Sondaj pou Rechòch (SRC) nan Inivèsite Michigan. SRC se yon òganizasyon akademik ki rekonèt atravè mond la pou avanse metodoloji nan ankèt ak ranmase enfòmasyon. SRC patwone epi dirije kèk nan sondaj ki pi ansyen ki fèt nan peyi a.

Pou kontakte SRC oswa yon manm ekip ki sou teren an, tanpri rele: 1-855-647-7731

CUNY/SurvNYC

HPD ak SRC kreye yon patenarya ak Inivèsite Vil Nouyòk (City University of New York (CUNY) pou anplwaye ak fòme etidyan atravè 28 kanpis li yo pou sèvi kòm moun ki pral fè entèvyou pou ankèt NYCHVS 2026 la. Pwogram SurvNYC etabli a, ap pèmet etidyan yo jwenn yon fòmasyon dirèk sou teren an pandan yo ap kontribye nan gwo travay enpòtan sa a.