Pwoteje Vi Prive Ou

Living room with a couch and a cat stretching

Enpòtans Vi Prive Ou

Vi prive ou enpòtan pou nou. Mou kap fè entèvyou yo sou teren an jire pou pwoteje idantite ou ak tout enfòmasyon ou pataje, mete ladann vwazen ou, pwopryetè kay la, ou nenpòt moun kap mande enfòmasyon sou ou menm oswa manm fanmi ou.

Komite Revisyon Enstitisyonèl Inivèsite Michigan (Institutional Review Board (IRB) at the University of Michigan) revize pwojè NYCHVS pou asire ankèt la fèt nan nòm etik. Enstiti Nasyonal Pou Sante (National Institute of Health) bannou yon Sètifika Konfidasyalite ki vle di okenn moun paka fòse nou bay enfòmasyon sou rechèch yo ki ka idantifye ou, menm anba manda tribinal.

Kòman Enfòmasyon Yo Itilize

Nou fè entèvyou ak plizyè miliye Nouyokè pou reprezante divèsite vil la. Repons ou yo brase ak repons lòt patisipan yo pou anpeche pou yo pa janm rive idantifye okenn moun. Nou pa janm pataje enfòmasyon sou idantite okenn moun oswa sitiyasyon moun ak okenn lòt ajans gouvènman oswa lòt òganizasyon ki pa otorize.

Enfòmasyon NYCHVS yo itilize pou konprann difikilte kay nan tout vil la, pou amelyore politik kay, epi pou swiv chanjman kap fèt nan katye yo. Se gwoup kominotè, chèchè, jounalis, ibanis, ak eli ofisyèl yo ki itilize rezilta NYCHVS yo.