Si Nou Te Kontakte Ou

Si yo chwazi ou pou ankèt NYCHVS 2026 la, ou ka resevwa yon lèt, yon kout telefon oswa yon moun NYCHVS kap fè entèvyou a ka vini lakay ou, li ap prezante tèt li epi lap eksplike objektif ankèt la. Yon moun SRC nan Inivèsite Michigan fòme pou fè entèvevyou pral fiske yon randevou pou rankontre ak ou.
NYCHVS pale lang ou a. Nou ka fè entèvyou a nan nenpòt lang ou vle.
Si ou bezwen plis sipò pou fini yon entèvyou, nou la pou nou ede. Si ou bezwen, nou ka mete anplas yon aranjman ki rezonab.
Kijan Pou Kontakte Nou
Pou pran yon randevou nan moman ki bon pou ou, tanpri rele nou nan:
1-855-647-7731
Nap kontan tou pou nou reponn nenpòt kesyon ou genyen.
Ak Kisa Pou Atann Ou
Yon moun ki fòme pou fè entèvyou sou teren an ap ranpli entèvyou lakay ou oswa yon lòt kote ou menm chwazi. Ou ka ranpli entèvyou nan yon lang ki pi alèz pou ou.
Sijè Ankèt La:
Moun kap fè entèvyou a ap poze ou kesyon sou kay ou, ak moun ou ap viv yo, lajan ou rantre ak travay ou, eksperyans ou ak kay ou ak katye ou, ansanm ak lòt sijè enpòtan.
Tan Ou Ap Bezwen:
Dabitid entèvyou yo pran 30–40 minit.
Konfidansyalite:
Repons ou yo konfidansyèl nèt ale plis lalwa pwoteje yo. Enfòmasyon ki ka idantifye ou menm menm pap janm pibliye. Repons ou yo mele ak plisyè miliye lòt pou ede vil la konprann bezwen kay epi amelyore pwogram ak politik nan tout senk awondisman yo.
Pou Kisa Patisipasyon Ou Enpòtan
Li enpòtan pou tande ou pou nou konprann defi Nouyòkè yo ap fè fas. Repons ou bay yo pandan ankèt la reprezante plizyè santèn lòt Nouyòkè menm jan ak ou. Ansanm ak enfòmasyon lòt moun nan kominote ou a, kontribisyon sa a ou bay la ap ede fòme politik sou kay kap pi jis, nan sipòte pwogram ki pi bon, epi kreye yon vil kap pi ekitab pou tout Nouyòkè. Se sèlman moun yo chwazi espesyal yo kap patisipe.